Loading...

gita mwen, e ou

Haitian creyol

Gita mwen e ou (2015 )
 
Lè m ap sonje premye fwa n te rankontre
Mwen menm ak gita mwen
Se te yon moman kite fè tonbe lapli
Nan yon premye sezon
Anba yon syèl ble nan yon nouvo prentan
Ou, ak gita mwen, te fè chante
Pi bèl refren ke lanati pat janm tande
Zwazo yo te pran repete l
Nan yon pli dou refren ak bèl amoni
Vwa ou te ale pi lwen
E pli prè zanj serafen yo
Ki t ap antone  pi bèl melodi
Nan pwoklame tout laglwa Bondye
Se te yon moman kite pli dou e pli agreyab.
Falide nan tout egzistans mwen
Se a tout regrè ke m ap sonje
Lè m tap chache ki not dièz
Ki te ka transpoze vwa ou an kanon
Zye ou, souri w te bay reflè
devan yo mirwa, kote mwen tap li
Tout sa kite egziste nan lanmou
Poz gita m, e mwen menm
Se te yon silans absoli
Aprè yon dou refren
Kè mwen tap chache
Mo ki pli tandr, e pli dou
Pou m te di w, mwen renmen w
se te yon epòk ki te bay esperans bonè lavi
men asasen ki pat vle wè sa nou tap chache
te brize tout pasyon lanmou m te gen pou ou
pandan m pat ka chache rezon
rezon ki tap trai santiman
Men! sèl erè m, mwen pat panse
Ki flèch rakonte ak move tanpèt
Ki ta pral mete dezakò, e dezakòde
Demolize tout kòd ki ta fè m jwe yon melodi
Kite kapab fè m repare tout erè
Gita mwen te demoli,
kè ou te brize e kò mwen te blese
e kè mwen te deja pèse pa flèch taizon.

Other works by Jean G Catulle...



Top